Grandans e Plan Ijans Familyàl: Atelye fòmasyon ak sansibilizasyon sou nosyon risk ak dezas

1,340

02-09-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou fòme ak sansibilize sosyete a nan Jeremi, Mouvman Fanm pou Devlopman Grandans, (MOFEDGA) ki genyen kòm kòdonatris, madanm Roselord Aubourt pou depatman Grandans lan, ap òganize 3 jounen fòmasyon sòti mèkredi 8 fevriye pou bout vandredi 10 fevriye 2023 a.

Aktivite sa yo ki jwen kolaborasyon ak direksyon proteksyon sivil Grandans lan, ki genyen nan tèt li madanm Christine Monquelé, enskri nan lide pou fanmiy yo konnen byen sa pou fè nan ka katastròf natirèl, daprè sa yon responsab pou kominikasyon direksyon proteksyon sivil la deklare bay TRiboLAND.

Dapwè kodonatris MOFEDGA a, madanm Roselord Aubourt, makònn aktivite sa yo jwenn benediksyon youn nan volè ki nan pwojè a ki se, Women’s & Peace Humanitaian Fund/ONU-FEMMES; yo bay bourad lajan pou sipòte òganizasyon Fanm yo nan Jeremi/Grandans. Konsa, sa antre nan kad pou fasilite medam yo jwenn otonomi yo.



Comments are closed.