Senlwidinò/ sante : Dispansè kominotè Degranj lan pa kapab reponn ak bezwen popilasyon an

2,316

06-28-2022

Degranj, Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Dispansè kominotè 3èm seksyon Dègranj lokali Laperyè ap fonksyone ak gwo difikilte. Enstitisyon medikal la pran gro lanm nan delivwe yon sèvis sante adekwàt bay rezidan yo.

Se inik 3 manm pèsonèl kap gazouye nan redi cheche pou arive bay popilasyon an yon ti lòsyè asistans medikal. Pami sèvis sa yo ou jwen: sèvis konsiltasyon jeneral, prenatal, pedyatri, pansman ak sèvis prevantif.

Selon responsab dispansè a, Sidieu Francy, pa gen yon sèvis laboratwa, pa gen materyèl sifizan pou pèmèt sèvis yo pi efikas. Sidieu Francy mande konkou responsab Sante Piblik pou ranfòse sèvis yo nan dispansè a yon fason pou kapab soulaje bezwen ijan popilasyon kap miltipliye chak jou pi plis nan seksyon an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.