Zile Latòti: Popilasyon Maye a mare yon pwezime bandi anba kòd e remèt li bay lapolis

0 559

Pòdpè___(TRiboLAND) “Ipo” se ti non jwèt yon pwezime bandi popilasyon a mare tankou krab nan zònn Maye, zile Latòti. Kout filè sa arive fèt ak teknik pèp souvren nan moman pwezime bandi a tap fè tantativ pou tire yon sitwayen pezib nan zònn nan. Dapwè enfòmasyon yo rapòte TRiboLAND, “Ipo” pa vle wè moun kap mache ak lajan sou yo. Li vante tèt li kòm yon toupwisan pa pè chay e ki sèl kòk chante nan gage a.

Nan tire sou yon pèsonaj nan zònn Maye a, “Ipo” jwenn ak bouchon li lòske yon gwoup moun te bare li e mete l anba kòd e kondwi li nan komisarya Pòdpè a.

“Ipo” se youn nan bandi ke Lapolis tap chèche tankou chyen fou akoz enplikasyon li nan yon pakèt zak malonèt ki okazyone anpil moun kite zònn nan anba pwesyon.

Nap raple, “Ipo” se yon Behemyen natif natal ki chwazi rete nan zile Latòti pou li ka fè zak malonèt akoz absans Lapolis. Konsa, moun zile a pa sispann mande swa dizan pouvwa anplas la yon ti minimòm sekirite yon manyè pou mete boy nan pwa bandi yo.

Jehrbson Petit, TRiboLAND

Leave A Reply