Yon nouvo estaf pran tèt Lise Rene Théodore nan Wanament

1,523

11-09-2022


Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Se an prezans enspektè yo nan BDS Wanament, sendika anseyan, ansyen elèv ak kèk manm sosyete sivil la, Mèt Abner GUSTAVE enstale kòm nouvo direktè, Cersine VILADROUIN sansè ak Arcene GABAUD kòm siveyan nan Lise Rene Théodore lendi 7 Novanm 2022 a.

Enspektè Celusca CHERISTIL kite pran la pawòl nan okazyon-an, fè konnen se nan yon kontèks difisil mesye yo pran tèt lise a, men se pou yo degaje yo pou fè enstitisyon an fonksyone; li kwè nan nouvo estaf sa ki nan tèt lekòl la, sitou depi aprè depa Direktè Volvique PIERRE pou Etazini, se yo menm ki tap bay kout men pou enstitisyon an te ka toujou fonksyone.

Reponsab zafè segondè nan BDS Wanament lan, enspektè ELVA Wilton raple nouvo estaf la ke lise a pa yon diskotèk, li pa bwat denwi e non plis li pa yon lye pou yo vin fè jènjan, men se yon lekòl ki dwe fòme moun.
Ansyen direktè Lise Kapwa Lamò a te tou pwofite pataje eksperyans li avèk nouvo estaf la, yon fason pou yo ka byen jere lekòl la, enspektè Wilton raple nouvo ekip la ansanm de defi kap tann yo.

Bò kote pa nouvo direktè Lise Rene Théodore a, Abner GUSTAVE ki genyen anviwon 27 lane nan sistèm edikatif la, fè konnen se avèk anpil kè kontan li pran tèt Lise-a, se yon pòs li tap jere pandan plizyè lane men jodi a li pran pòs sa ofisyèlman, li tou pwofite mande manm rès ekip la kolaborasyon yo yon fason pou yo fè lise a mache.

Abner GUSTAVE pa mete dlo nan bouch li pou l remèsye direktè levasyon Nòdès la, Joseph Edgar DUMAY pou konfyans li plase nan nouvo ekip la, pandan l mande ministè levasyon nasyonal pou fè pwojè konstriksyon lokal Lise a tounen yon reyalite paske liseyen yo pa ka tann akoz se sèl nan aprè midi enstitisyon an fonksyone.

Jn Simon Manex

Comments are closed.