Tigwav : Pastè Wifrid Lucien enstale kòm direktè nouvo lise 9è ak 10èm seksyon Dèpalm.

53
0
Share:
TRiboLAND

09 – 13 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon seremoni ki Òganize, pandan weekend nan, direktè adjwen depatmantal edikasyon Lwès la, mesye Maguin Déméro pwosede ak enstalasyon pastè Wilfrid Lucien kòm direktè nouvo Lise 9èm ak 10èm seksyon Dèpalm, Tigwav, lokalite Gran Fon.

Seremoni sila a, dewoule an prezans divès kad nan sistèm edikasyon an nan komin lan; pami yo, rektè inivèsite piblik la pou rejyon gwavyèn lan, Yvener Desrosiers, mèt Gerald Cadet, pwofesè, jiris Mathieu Guytho, e kèk notab ak manm nan popilasyon an.

Direktè adjwen depatmantal edikasyon lwès la, mesye Maguin Déméro ki te pran lapawòl nan okazyon an, nan diskou li nan sikonstans lan, deklare evènman sila a, depase kad yon senp seremoni administrativ; li presize ke sa senbolize angajman kolektif anfavè yon avni. Li rabat pou li di ke se yon konfyans ki renouvle nan pouvwa edikasyon an; se egalman yon detèminasyon pou ofri jèn yo nan kominote a mwayen pou reyalize aspiration yo epi kontribye nan devlopman peyi a.

Seremoni sila a, make yon etap enpòtan pou kominote Gran Fon ak lokalite ki anviwonnen li yo nan sistèm edikatif ayisyen an. Nan sans sa a, direktè adjwen pou depatman Lwès la nan nivo edikasyon, mesye Maguin Déméro pwomèt li pral akonpanye direksyon lise a, nan sa ki genyen pou wè ak responsabilite li yon fason pou yo kapab akonpli misyon yo.

Share:

Leave a reply