Nan twoke kout zam ak lapolis, Mardoché Pellisier blese ak katouch e kouri pran lyann

108

06-25-2022

Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon patwouy, jounen vandredi 24 jen 2022 a, polis nasyonal nan kwadèboukè manke pran Mardoché Pellisier yon evade prizon ki genyen nonl site nan zak asasinay pwopriyetè yon mòg prive ki rele Shillo.

Se konsa, nan boukante kout zam ak lapolis, malfwa a rive blese kotel abandone zam, telefòn, paspò ak kat idantifikasyon kite sou li aprè li mete kòl deyò.

Nap soulinye polis nasyonal ap chache evade a tankou chen fou!

Comments are closed.