Ayiti nan bezwen yon gouvènman ki pa pou nan tete lang ak Repiblik dominikèn ki pa janm manke yon yota pou afiche ènn visral li kont premye repiblik nwa a.

3,107

Malgre genyen gro zak kidnapping ki fèt sou chofè dominiken, otorite dominikèn yo obsede pou kontinye voye gro kamyon machandiz yo anndan peyi Dayiti. Konsa, li evidan, detèminasyon yo pou kontinye detwi prodiksyon nasyonal Dayiti devwàle prèske chak jou. Nou kapab raple nou menas ke yo te fè sou ansyen senatè Youri Latortue pou Fèm agrikòl li a ki te deside fasilite prodiksyon ze atravè peyi a. Yo te pèmèt yo deklare ke Youri se yon menas pou sekirite peyi yo! Pa envèsti nan repiblik dominikèn!

Repiblik dominikèn ap fè fòtin sou do Ayiti nan tout nivo. Se vre, yo montre ke yo ame pi byen ke politisyen ayisyen yo nan respekte ak nan bay yon ti minimum pou leve an dinyite pèp lakay yo. Sepandan, eta panyòl la ki toujou genyen nostalji masak istorik konbyen milye ayisyen sou Rafael Leónidas Trujillo Molina nan lane 1937, prezante yon “Danje mòtèl” pou egzistans peyi Dayiti. Ayiti dwe re-militarize!

Nenpòt nouvo leader ayisyen ta dwe priyorize “SEKIRITE” peyi a nan tout dimansyon li; kòmanse sou limite lòbèy ki pa regularize ke yo ap voye al vann anndan peyi a rive sou dap piyanp yo fè nan atrap diaspora ayisyènn nan. Li enperatif pou Ayiti militarize e dote tèt li de yon masiv envestisman militè nan zam supè teknoloji modèn; adopsyon yon plan agresiv nan nivo edikasyon pou rekipere yon volim lajan ke RD ap fè ak etidyan ayisyen ki anpil fwà fòse tèt yo al pran fòmasyon nan panyòl ak anpil imilyasyon; fasilite lòt fòm echanj komèsyàl ak lòt kote nan Karaib la, ou pa kapab lage vant ou nan men moun ki pa vle wè ou. Pa envèsti nan repiblik dominikèn!

Nou pa menm bezwen pale de yon seri vye taktik malsen ou delwàyàl ke gouvènman RD ap itilize pou envante yon seri pretèks kont antreprenè anyisyen ke yo, nan yon premye tan te koutize e pi pidevan voye imigrasyon sou do pye yo ou envante fo pretèks yon fason pou antreprenè ayisyen sa yo pèdi e kite dèyè envèstisman sa yo. Konsa an jeneral, yo kite w envèsti e aprè yo chèche envante anpil pretèks pou ka kouri kite fòtin pou yo dèyè. Yo pa pèsekite biznis lòt migran yo, sof ayisyen ke yo konsidere kòm pwàson ki pi fasil pou tronpe! Li pap etonan si demen ou ta tande gouvènman rasis Abinader a deside freeze yon seri lajan ke ayisyen genyen nan bank repiblik dominikèn sou yon seri pretèks delwàyàl. Pa envèsti nan repiblik dominikèn!

Se pa yon sèl fwà ke RD voye lòbèy ale Ayiti ak matyè fekal. Li lè li tan pou nou asèpte fè sakrifis pou anpeche pwàzon ap kontinye eradike pèp ayisyen an. Anpil rumè ki ta sujere ke, eta mechan an prosede ak pilverizasyon ayeryèn ak dwonn pou detwi yon seri plantasyon tankou kokoye, bannann e latriye sou tèritwà ayisyen an; se yon sitiyasyon ki mande gro envèstigasyon siyantifik ki kapab analize zòn ki afekte yo e detèmine posib prezans glifosat, èbisid kanserijèn ki kapab detwi yon seri plant. Ayiti dwe re-militarize!

Mechan yo tèlman vle nou disparèt; yo kanpe ankwà pou nou pa konstwi yon kanalizasyon ki pou fasilite awozaj agrikòl pou yon seri zòn; se jis pou yo ka kontinye ap enpoze nou prodwi agrikòl lakay yo, kote se menm ayisyen y’ap fè bourike pou 2 a 3 peso. Yon sèl mwàyen pou arive mete yon fwen nan awogans ou fòse otorite RD antre nan bonsans yo se re-militarize konplètman peyi Dayiti plis ke jan li te ye avan nan lane 1933 yo. Peyi a dwe re-militarize!

Ayiti dwe re-militarize! Li bezwen yon leader djanm ki genyen gran e ki pap ezite vante tout “konze” ak malad mantal “ayisyen etranje” kap ranje ak etranje pou ekstèmine nasyon ayisyèn nan; yon leader egzanplè ki kapab mete yon fen nan jwèt bosal la ak soufle espwà ak dinyite nan nanm nou kòm pèp vanyan.

Malgre Ayiti sou lagraba ekonomikman! Ayiti dwe asèpte fè sakrifis pou re-militarize!!!

Enel Richard

Comments are closed.