Nòdès-Ensekirite : Volè kase chanm vikè pawas Sen Janbatis la nan Otwou.

06-25-2022
Otwou, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun yo pa rive idantifye antre san onè ak respè nan biwo ak chanm vikè pawas la ki se Pè Nogelin Myrtild, responsab Sen Janbatis nan komin Otwou epi pote ale prèske tout sayo jwenn.
2 jou aprè selebrasyon fèt patwonal pawas Sen Janbatis la nan Otwou, nan lannwit soti 24 pou louvri samdi 25 jwen an, moun yo pa idantifye antre nan biwo a e pote ale tout sa Pè a te genyen ki antre nan okazyon fèt la (lajan ak lòt bagay). Se yon zak eskanmòtè ki mete Kire a nan gwo tèt chaje paske aprè anpil depans pou prepare fèt la, epi tout sa kite antre kòm ofrand yo pote ale.
Se Kire pawas la, Pè Eldin Philibert ki konfime nouvèl la daprè konte Facebook Dyozèz Fòlibète a.
Nap raple sa apèn gen anviwon 15 jou depi menm zak malonèt sa te pase nan Opèch 14 jen pase a.
Jn simon Manex, TRiboLAND






