Nòdès/edikasyon : Fen egzamen nevyèm ane yo

1,224

06-23-2022

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Dewoulman egzamen nevyèm ane fondamantal yo ki te prevwa ant lendi 20 pou rive mèkredi 23 jwen 2022, rive nan fen li nan depatman Nòdès peyi a.

Nou nan Kolèj Inivè, yon sant ofisyèl egzamen yo nan komin Wanament kote ke Moruis Lafleur ki se responsab yon parèy bwàt egzaminasyon, eksprime yon degree satisfaksyon sou dewoulman egzamen yo. Pou Lafleur, se yon prosesis trè seren, trankil e kondiktiv selon nòm ou protokòl ki te etabli pou bon mach egzamen yo. Eprèv yo te definitivman prè a tan pou kandida yo, daprè responsab la.

Kèk jou aprè yo te finn konpoze nan 7 matyè tankou: Kreyòl, Syans Eksperimantal, Syans Sosyal, Fransè, Espanyòl, Anglè ak Matematik. Pou majorite candida egzamen yo pat difisil konparativman jan yo konn tande lòt promosyon ki pase yo konn ap plenyen an. Gen kèk ki MENM rapousiv pou konfime TRiboLAND, ke yo tèlman byen konpoze ke yo antisipe yon reyisit enpresyonant!

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.