PNH reyitere volonte li pou repran Matisan

1,530

06-22-2022

(TRiboLAND) Nan kad yon vizit pou fè swivi sou premye reyinyon (31 me 2022) ant yon delegasyon PNH ak Chanm Komès Endistri Sidès la, Rasanbleman Komèsan Sid yo ak diferan lòt reprezantan sèktoryèl, yon lòt delegasyon ki chaje ak Gran Toryan Nan tèt Polis Nasyonal la rive yon lòt fwà ankò nan vil Okay jounen madi 21 jwen 2022 a.

Konsa, diskisyon yo te pran chè alòske yo tap pataje ak diferan manm nan sosyete sivil la sou demach ak avanse reyèl acha yon seri materyèl ak ekipman ki genyen pou bay kapasite operasyonèl PNH la bon jan jarèt, daprè yon nòt polisyè.

Responsab yo nan delegasyon sa ki te genyen nan tèt li: Enspektè Fritz Saint Fort, Direktè kabinè a.i. PNH la, Jackson Hilaire, Komisè divizyonè Ghislène Désiré, e Enspektè jeneral Jean Yonel Trécil, yo te reyitere volonte ak detèminasyon yo pou kontinye genyen dyalòg pèmanens avèk popilasyon Gran Sid la, patikilyèman sou kriz plizyè tèt Matisan an.

Comments are closed.