Dràm nan Gromòn: 20 moun plonje nan yon eta enkonsyan akoz yon manje toksik

1,132

06-22-2022

Gromòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon latriye moun pami yo genyen senk tinosan ki plonje nan yon eta komatik aprè ke yo te konsome manje kwit nan yon kyòs nan zòn Chanpèt komin Gromòn, depatman Latibonit.

Dràm sila pase vè 1:00 pm jodi mèkredi 22 jwen 2022 a. Se te yon veritab “kri arama” ak “dezolasyon 2 men nan tèt” ki te mete komin Gromòn anbran l. Viktim yo selon kèk temwen okilè tap fè fas ak malmakak, vant kòde e antre nan yon eta vejetatif aprè yo te fin konsome yon farin. Majorite nan viktim yo te oblije transpòte lopital bwid sou kou.

Pou anpil moun, premye epotèz yo ta akse sou “entoksikasyon alimantè”; sepandan otorite lokal yo pat pran tan pou  debake nan espas ensidan an, kote ke yo dilijante ouvèti yon ankèt pou chèche detèmine vrè koz dràm sila.

Comments are closed.