Nòdwès : Pòv yo nan Azil Bono a ap fè fas kare ak mizèrere.

1,284

01-25-2023

Bono, Ayiti___(TRiboLAND) Daprè responsab yo nan Azil Bono a, ki nan 5èm seksyon nan komin Senlwidinò, pòv yo ap pase move moman paske Leta Ayisyen gen digdantan yo pa apwovizyone Azil la kap depafini depi yon ban bout tan; yon sitiyasyon ki lakòz pòv yo nan yon parèy espas ap mennen yon vi ki pa sanble ak lavi moun.

Moun sa yo ki nan Azil Bono a, ap sibi tout kalite mizèrere : kay pou abite, kabann, matla, manje, dlo, pwoblèm lasante, ak lafen ki pa sispann pote yo ale. Si ta gen mirak pou peze kè ak yon ti bat bouch, li arive fèt bò kote yon Pastè ak yon Mè bon kè ki asiste yo ak kèk lasibab ti mamit diri chak mwa pou yo viv.

Daprè Tinord Michard, Azil Bono a te konswi sou prezidan Estenio Vincent nan lane 1938, siklòn Jane te detwi l; depi lè sa anyen pa janm fèt. Depi aprè pasaj prezidan Matelly nan Bono, pòv yo te konn jwenn yon ti sibvansyon. Nan sans sa yo mande Leta Ayisyen aji prese, prese pou anpeche plis moun mouri nan azil la.

Pierrilien Nicol Colly



Comments are closed.