Lidè opozisyon Venezyela a, Juan Guaido deklare tèt likòm prezidan enterim peyi a

0 336

Triboland.com 01-24-2019

Mosku – Larussi avèti EtaZini pou li pa foure bouch li nansa kap pase Venezyela e li mete angad tout tantiv entèvensyon ki ka kreye gwokatastwòf nan rejyon an. Mosku pran pozisyon sa a se lòske lidè opozisyon Venezyela a Juan Guaido declare tèt li kòm prezidan enterim peyi Venezyela ayè Mèkredi a. Alòske tou swit aprè, Wachenton pat pwan tan pou te bay jarèt a pozisyon lidè opozisyon peyi boliva a. Konsekans, rejim Nicholas Maduro a bay diplomat Ameriken yo yon delè 24 èdtan pou yo kite peyi Venezyela.

Larussi ak Lachinn ta sanble yo kanpe rèd bò kote peyi Venezyela yon fason pou proteje souverennte ak prensip pa foure bouch nan sa kap pase lakay yon lòt peyi.

Sa pa gen lontan depwi ke peyi Larussi te voye 2 avyon bonbadye nukleyè nan peyi Venesyela yon manyè pou pwoteje pouvwa Nicolas Maduro a ki depwi kèk tan ap fè fas kare a yon latwye kriz.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply