Nòdwès/Kolektivite: Pòt pawòl kazèk yo plede anfavè batiman pou loje Administrasyon Seksyon kominal yo.

1,556

06-18-2022

Mawouj, Ayiti______(TRiboLAND) Kòdonatè Konsèy Administrasyon 2e Seksyon kominal Mawouj la, msye Colas Diobert, ki li menm se pòt pawòl depatmantal Kazek yo, mande ak rès gouvènman moun tèt san cheve yo fè yon fason pou konstwi nan chak seksyon kominal yon biwo.

Colas Diobert

Pòt pawòl la fè konnen gen plizyè biwo kazèk nan depatman nòdwès la k ap fonksyone nan valiz oubyen ralfò akòz Leta santral pa andose responsabilite l.

Fenomèn sa a, lakòz pòt pawòl la denonse konpòtman Pati kap Kale Tèt Ayisyen an, lè l konsidere kantite pwomès krizokal ke yo resevwa pou 30.000 G. pou afème lokal pou loje biwo seksyon kominal ki, jiskaprezan se pawòl pou fè ti bebe dòmi.

Pou Colas Diobert, biwo Kazek ki egziste yo se pa ditou sou jefò gouvènman anplas la, men pito se bonjan manm Kazek ki gen volonte ak detèminasyon.

Plede anfavè bon jan konstriksyon biwo kazèk yo, pòt pawòl la mande ak Leta Santral la non sèlman reponn ak pwomès yo men tou sispann trete Administrasyon Seksyon kominal yo an paran pov.

Genson Hyppolite, TRiboLAND

Comments are closed.