Gonayiv : Chèf Pakè komin nan sezi yon tankè gaz

2,113

06-18-2022

Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou moun fè gaz Ayiti, se nan gwo tèt chaje ak latroublay; alòske gaz ap sikile anpil fwa, men se pou fè mache nwà. Jodi vandredi 17 jwen 2022 a, chèf Pakè a sezi yon tankè gaz ki tap vann gaz la dirèk nan doum.

Komisè gouvènman pou yon ti bout tan nan Pakè vil Gonayiv la, Me Vanel Amisial, akonpaye yon group UDMO mennen operasyon nan lokalite 3 pon, ki kole ak Savann Lespwa (ki te rele savann dezole) sezi yon kamyon gaz ki tap vann moun nan doum ak galon. Plizyè moun ki te ansanm ak machin yo pandan acha gaz la, te oblije kraze rak e ki te machin yo sou presyon CG a, ak group UDMO yo. Konsa, nan kad operasyon an, genyen gaz ki sezi, 2 arestasyon arive fèt ke enplike yon chofè ak yon lòt moun.

Divès Moun nan Gonayiv plenyen pou konpòtman iresponsab ponp yo genyen. Ponp yo plis fèmen ke ouvè e lè yo resi ouvè, se pa pou anpil tan. Yo plis vann gaz la ak moun kap fè mache nwà. Nan moman an, galon gaz la ap vann 700 goud nan site Endepandans lan.

Comments are closed.