Senlwidinò : Radyo Sansasyon selebre 27 lane egzistans li.

08 – 22 – 2024
Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Direksyon Radyo Sansasyon FM 88.1, selebre 27 lane egzistans entitisyon an nan kad simaye sèvis bay popilasyon ayisyèn nan, jounen mèkredi 21 out 2024 la nan komin Senlwidinò.
Pou make gran evènman sila, yon mès aksyon degras te chante nan legliz katolik Saint Louis Roi de France lan, answit yon pwogram grandyoz ta pral òganize devan estasyon radyo a nan menm sware mèkredi a pou kontinye selebwasyon an ak diferan atis ki tap pèfòme pou satisfè popilasyon an.
PDG Berthony Vilkiers bò kote pa li, montre volonte ak sakrifis li konsanti fè pou travèse 27 lane sila nan mitan popilasyon an. Konsa, popilasyon Senlwidinò a, pat manke voye yon latriye ochan tout kalite nan konplimate DG Vilkiers pou bon sèvis li, an menm tan yo montre satisfaksyon yo pou tout sèvis estasyon radyo a rann yo nan kominote a.







bne fet a tt manb radyo sansasyon
Triboland latortue
Bon travay media triboland
Triboland latortue
Triboland latortue
trezor.io/start