DDNO – POINT DE PRESSE

196
0
Share:
TRiboLAND

Nan kad aplikasyon enstriksyon ki nan fey de wout komandan an Chef PNH la, DG Frantz ELBE te bay Direkte Depatmantal la pou rezoud pwoblem ensekirite nan Depatman Nodwes la.

Jodia , Direksyon Depatmantal la an mezi pou afime ke 90% objektif lit kont gang ame yo nan Nodwes deja atenn

Lapolis Nodwes deja netralize 9 sou 10 gang aktif kite egziste nan Depatman Nodwes la: 7 nan Podepe – youn nan Basen Ble – youn nan Sen Lwi Dino.

Nap site 9 gang Lapolis Nodwes neutralize yo:

  • Pou Podepe, Lapolis netralize Gep Nwa, Denye Rel, gang Haut Fourneau , gang sou kanal, gang De letan, gang Pak kapwa ak gang Lakoup
  • Pou Sen Lwi Dino, Lapolis netralize gang Rivye Ba
  • Pou Basen Ble, Lapolis elimine VA kite sou wout Gwomon nan. Tout machin rantre Podepe san pwoblem soti 6e nan maten pou rive 8e nan aswe. Pa gen kidnapping sou wout Podepe a anko.

Tout 9 gang sa yo deja neutralize. Kounyea se faz konsolidasyon an ki demare.

Selman gang Lacroix St-Joseph la ki poko totalman netralize, men lapolis nan Podepe kontinye redwi kapasite gang sa tanzantan. 7 manm gang Lakwa a deja arete.

Operasyon kont 10 gang aktif yo te reyalize gras a pwofesyonalis polisye yo, sipo lojistik Direksyon Jeneral, san konte api popilasyon an. Kidonk, Lapolis Nodwes entepele 33 prezime manm gang, pami yo 2 chef gang, non yo se: Jean Baptiste Jean Deny alias TRAKA (chef gang Haut Fourneau) ak Pierre Richard Desinor, alias Jeneral, chef gang La Coupe. 3 chef gang mouri nan afwontman ant gang. Youn popilasyon  an lenche.

Lapolis poze lapat sou Leonard Vilsaint alias kolonel. Lap koupi nan prizon pou detansyon zam illegal.

Lapolis Nodwes ap cheche 5 bandi notwa ki se:

  • Eric Prospere, chef gang Lacroix St-Joseph
  • Leon Charles, bandi Sen Lwi Dino
  • Kaskad ainsi connu, manm gang Lakoup
  • Rony Andre, manm gang Pendu
  • Remy Digital, Manm gang Pendu
  • Jean Renald Dorcin, chef gang Pendu ki pami bandi ki sot kidnape kire Parwas Laplate nan Basen Ble ak 3 lot moun kite akonpaye Pe a nan presbite a dimanch 5 jen 2022 a. Chef gang sa te nan prizon sou akizasyon asasina yon Enspekte Polis andan komisarya Basen Ble a nan ane 2019.     Li sot jwenn liberasyon nan mwa me 2022 a. Mwens ke 1 mwa, apre liberasyon l, Li deja rekomanse ak menm Pratik kriminel yo nan seksyon kominal Basen Ble.

Pou sa ki konsene gang Pendu a, li pa baze nan Nodwes. Se nan komin Gwomon ki nan Depatman Latibonit gang sa tabli. Apre kidnapping gang sa te vin fe nan Komin Basen Ble, Lapolis Nodwes te oblije mete ak polis Latibonit pou al deloje gang sa kite reprezante menas pou Nodwes la. Pou moman sa, yo gaye. Nan entevansyon sa, 2 bandi mouri, 9 blese. Kom pat gen posiblite pou yo te al lopital paske lapolis te bloke tout akse zon Pendu a, 2 nan blese yo mouri kek jou apre, gang nan t lage kadav youn sou wout Tibwadom.

Share:

Leave a reply