Nodès – ‘’Jounen Entènasyonal Kont Timoun yap fè travay”

2,604

Pwoteksyon timoun e travay medya yo pandan nap gade sitiyasyon sosyo-politik peyi ap konnen dènye jou sa yo.

06-18-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou make ‘’Jounen entènasyonal Kont Timoun yap fè travay’’ ki selebre chak dezyèm dimanch mwa jwen, òganizasyon Plan Entènasyonal Ayiti òganize vandredi 17 jwen 2022 a yon konferans ak yon dizèn jounalis ki soti nan plizyè medya nan depatman Nòdès la. Aktivite sa a te dewoule nan sousi pou te sansibilize jounalis sou Nòm ak Estanda pwoteksyon timoun nan egzèsis metye a.

M. Jean Judson Joseph, ki se Sosyològ, Doktè nan syans Edikasyon te pale sou Pwoteksyon Timoun, Egalite Fi ak Gason. Kòman Jounalis yo ka itilize mikwò ki nan men yo a pou yo ka patisipe nan devlòpman kominote kote yap viv la olye yo kontribye nan detri l?

N ap siyale responsab Plan yo te itilize nouvèl teknoloji enfòmasyon (vizyo konferans) yo pou te pèmèt jounalis nan twa (3) depatman ( Lwès, Sidès, Nòdès) te suiv an menm tan aktivite sa ki t ap dewoule nan biwo santral li ki chita nan Pòtoprens.

Jn simon Manex, TRiboLAND


 

Comments are closed.