18 NOVANM 1803 – 18 NOVANM 2020 SA FÈ 217 LANE DEPI LAME ENDIJÈN NAN TE KASE TOUT CHÈN POU YON AYITI PROSPÈ

409

18 NOVANM 1803 – 18 NOVANM 2020 SA FÈ 217 LANE DEPI LAME ENDIJÈN NAN TE KASE CHÈN NAN PYE, CHÈN NAN MEN POU YON AYITI LIB E PROSPÈ POU NOU TOUT E KREYE YON ETA/NASYON.

11\18\20

Aprè Asasina Papa Eta/Nasyon an 17 Oktòb 1806, kolon nwè melanje ak konlon milat boujonnen tankou djondjon pou mete chèn nan sèvo pèp la sou konplisite kolon Fransè yo, pou esklav yo pa jam ka progrese e prospere nan peyi libète a.

Donk ” VÈTYÈ ” te mete fen ak kolonizasyon fizik e ekonomik fransè yo. Men Konplo pou asasine Papa Desalinn ak Cappoix La-Mort pou rekolonize esklav yo ak nouvo mèt esklav nwè e milat t’ap manniganse. Petion te nan lame Rigaud a avan ” VÈTYÈ ” te vin rejwenn Desalinn pou yon sèl rezon. Papa l se kolon, li pat gen okenn privilèj nan koloni an.

Pèp Ayisyen, sistèm peze souse a ak chèn ki nan sèvo nouvo kolon nwè e milat yo fè yo pap wè ni tande soufrans desandan esklav yo. Depi aprè 17 Oktòb 1806, kolon nwè ak milat yo ap mete dlo nan zye nou, li lè li tan pou nou frape pye nou atè 77 fwa 7fwa pou n di ase pou pitit esklav yo.

Zanzèt nou yo te fè “VÈTYÈ ” pou yo te ka viv lib tankou tout pèp e kite libète sa a pou pitit yo. Zansèt nou yo te debake nan ” KWABOSAL LA;” men nou an 2020, pitit esklav yo toujou nan ” LABOU KWABOZAL”

Zòt divize nou pou yo renye, konsa l te ye avan ” VÈTYÈ!” Zòt mete zam nan men nou pou nou youn detwi lòt olye kaye ak plim, konsa l te ye avan ” VÈTYÈ!”

Avan ” VÈTYÈ,” te gen esklav domestik (jeran lakou) ki te kont liberasyon esklav nan chan yo. 18 Novanm 2020, 217 lanne aprè, esklav mantal yo ki se nouvo kolon nwè e milat toujou vle kenbe pèp la nan ” ETO.”

BELLEFLEUR Jean F.
Desandan esklav chan yo

Comments are closed.