“Fèt Dye” selebre an gran panpan nan Senlwidinò

2,599

06-16-2022

Yon mès aksyon degras chante jodi jedi 16 jwen 2022 a nan pawas Notre Dame de Paix nan Degranj nan okazyon Fèt Dye a.

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Pou make “Fèt Dye” a nan pawas Notre Dame de Paix nan Degranj 3èm seksyon komin Senlwidinò, rezidan yo te pran swen pou yo dekore plizyè katye e kreye repozwa pou resevwa Sen Sakreman. Bèl dra blan ak enpresyon floris te raple tout patisipan yo yon tradisyon relijyez ke moun pat wè lontan.

Aprè vizit ak adorasyon Sen Sakreman nan repozwa yo, fidèl legliz katolik yo, pèp Bondye a te pran direksyon pawas la pou resevwa benediksyon Papa a, Petit la epi Lespri Sen an.

Yon seremoni ki kreye anpil anbyans nan mitan kretyen katolik yo, e ankouraje rezidan yo patisipe nan asenisman katye yo. Nap raple, moun te kapab obsève pat genyen men yon ti sachè plastik nan divès Ri nan komin Senlwidino.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.