LFP ki se sèl kòk chante nan zafè òganizasyon chanpyona nan depatman Nòdwès la, lanse yon SOS pou mande konstriksyon wout Pòdpè / Ansafolè a.

878

02 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan okazyon gwo final Chanpyona Kopa- Naval, ki tap dewoule sou pak Kapwa Lamò a nan vil Pòdpè, nan dat kite dimanch 25 fevriye 2024 la, Lig Foutbòl Pòdpè a, ki genyen nan tèt li, Rock Juvens Clavel nan tèt kole ak divès jèn jwè sou depatman Nòdwès la, lanse yon SOS ak konsène yo pou mande yo konstwi e inogire kèlke enfwastrikti ki te deja demare.

Pami enfwastrikti sa yo, Lig Foutbòl Pòdpè a mande konstriksyon 22.5 km wout ki t ap sòti Pòdpè pou rive Ansafolè, pou yon zafè anviwon 18 milyon dola vèt kou powo, BID te dekese e pou jounen jodia pèsòn pa konnen kisa kòb sa regle.

Yon lòt bò, prezidan Lig Foutbòl Pòdpè a, Rock Juvens Clavel, soulinye enpòtans ke sa ka gen pou jwè k ap jwe foutbòl nan Nòdwès yo, si tout fwa yo ta rive inogire lopital inivèsite OFATMA a nan Lasalin ki si tout fwa yon jwè ta blese t ap ede yo jwenn swen san yo pa tap bezwen nan kouri monte, kouri desann.

Antann yo sou 2 chèf revandikasyon sa yo, Lig Foutbòl Pòdpè a raple dirijan yo ke, wout, lopital, limyè, dlo, pak espòtif, poun site sa yo sèlman, se enfwastrikti ki senbolize mak fabrik devlopman nan yon kominote.



Comments are closed.