Nòdwès : Tayi Vassor, yon bòkò malfektè ta sanble krible anba bal yon pèsonaj sou yon moso tè eritye

1,881

08/18/2021

Dewoulen, Pòdpè______(TRiboLAND) Tayi Vassor, yon nòtab, yon bòkò malfektè ki pa sispan fè pale de li nan vil Pòdpè krible anba bal sou yon teren eritye, Bòs Maxène apwè midi madi 17 out 2021 an yon pèsonaj respektab,  Bòs Maxène nan yon lokalite ki rele Dewoulen ki a kèlke kilomèt nan rejyon Nò vil Pòdpè.

Enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND, fè eta de evantyèl aparisyon bòs Maxène sou yon teren eritye ou ki nan diskisyon ant fanmiy defen Yvon Vassor ak Tayi Vassor, 2 frè. Maxène te pwezante nan anplasman an se te nan pèspèktiv pou fè afè avèk heritye Yvon Vassor yo. Konsa, Tayi ta sanble mete tèt avèk pitit gason li, yo finalman krible anba bal Maxène san oken fòm pwosè.

Anpil moun konfime ke se pa pwemye fwà Tayi Vassor poze yon seri aksyon kont fanmiy Yvon Vassor ki benefisye yon dividal tè ke Tayi chwàzi fè dap piyanp ladan yo. Nap raple katchou boumbe ki te deklentche ant Yvette Vassor, ti nyès Tayi ki te blese gràv nan tèt anba kout zàm sekirite Majistra vil Pòdpè a, Josué Alusma. Konsa, rimè te fè konnen se konfyolon ant Tayi ak Josué Alusma pou te krabinen e chase Yvette sou tè papa li ke Tayi akapare an gwo ponyèt.

Apwè ke jij Paul Blanc te fin fè konsta legal kadav la, otorite yo te dirije yo lakay Tayi Vassor kote ke yo te jwen 2 revòlvè; yo te pwosede ak arestasyon pwezume kriminèl la, ke komisè gouvènman an, Jean Volmy Bellamin ta pwàl lage sou pwetèks ke se pa li menm ki komèt krim nan sinon ke pitit gason li.

Se konsa, anpil kritik estime se yon “deal ale pa pechè ankò” ki fèt an echanj pou 80 santyèm tè ant Tayi ak kèk otorite jidisyè ki gen kiripsyon kwonik nan san yo e ki pa sispan fè magogo lajan ak jistis la. Yon lòt fwà ankò, Tayi Vassor ki jwen benedik nan men otorite kòriptè, echape anba men lajistis gràs ak vagabon dezonèt ou imoral kap pase vi moun anba pye.

Antouka, bat chyen an, tann mèt li” se kri sa yon ekip sitwàyen ki estomake nan Katye Lòt Bò Pon, Pòdpè fè apwè lanmò evòltan Bòs Maxène nan. Kidonk, yo deside pote yon repons ki ka trè regretab nan fason poul otorite yo tranche ou pase anba pye lavi Bòs Maxène.

Comments are closed.