Tèt kole fanm komèsan Grandans ( TEKFAGA) denonse problèm lavi chè a kap monte balkon nan Grandans.

12 – 16 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) A kèk jou pou fèt Nwèl la nan depatman Grandans lan, kondisyon lavi majorite a, vinn pi difisil. Papa, manman ou responsab fanmi yo, daprè anpil temwanyaj yo fè nan mikwo TRiboLAND, fè konnen problèm lavi chè, ensekirite jeneralize, ak kontrent pou sikile lib e elibè, genyen gwo konsekans sou bon fonksyonmam kò fanmiy nan sosyete a.
Tèt Kole Fanm Konsenan Grandans (TEKFAGA), atravè sekretè jeneral li, Luisena Jean, kalifye kòm krim kont limanite dèske nèf san konsyans makònen kòd lonbwit yo ak bandi kriminèl san fwa ni lwa, pou trennen peyi a nan sa li ye la jounen jodia.
Kidonk, medam yo mande atoufè san fwa ni lwa yo, fè prèv ke yo te soti anndan vant yon moun tou; fè prèv egalman ke yo genyen dis kòb konsyans. Yo ankouraje atoufè yo fè yon trèv pou fèt Nwèl, debloke wout gran Sid la, jis pou fasilite lib sikilasyon mas pèp lan ou peyizan yo nan Grandans ki pa sispann manifeste volonte pou dekoule pwodwi yo nan republik Potopwens.






