Dat 15 jwen kap vini la a, se dat limit ke depatman Deta dwe founi rapò sou asasina ansyen chef deta ayisyen an.

2,971

Jan sa te deja anonse nan Kongrè Ameriken yo kote yo te pase depatman Deta lòd pou pwodui divès rapò sou sityasyon peyi Dayiti pami yo : masak lasalin, sou kòripsyon mete sou asasina ansyen chèf deta ayisyen an, Jovenel Moïse.

Pou konprann sityasyon peyi Dayiti, kongresmann yo te egzije 90 jou pou ke Antony Blenken founi yon rapò detaye sitou sou asasina ansyen chèf deta a.

Jou ap pase jou ap vanse, gwo dout pa janm sispann sisite nan mitan sosyete ayisyèn nan kon nan dyaspora a; pou anpil moun dat limit lan se 15 Jen kap vini la a.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske depatman deta ameriken pral founi yon rapò san fòs kote? Ki donk, èske pral gen non gwo pwason ki pral site nan rapò sila? Se tout gwo seri kesyon sa yo ki pa sispann fè pale anpil.

Nap note pou ou, kongresmann yo te pase lòd ak Antony Blenken pou figire nan rapò lap founi an, lis non moun ki enplike yo. Sa ki pouse anpil moun konprann sak pral pase a, pral sanble tèt koupe ak yon sèn teyat oubyen yon sinema makiye.

Antouka, malgre non peyi tonton Sam figire nan lis peyi planifikatè asasinay ansyen chèf deta peyi Dayiti a, se sèten gouvènman ameriken pap ezite fè odas pou jwe zèl kat “classified information” pou epanye enplikasyon ak sekirite peyi Etazini.

GH

Comments are closed, but trackbacks and pingbacks are open.