Nòdès-Anviwònman: Yon mach òganize nan lari Wanament pou make dat jounen anviwònman.

2,624

06-07-2022

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè moun mache nan lari a nan Wanamanent anviwon 9 è jodi lendi 6 jwen 2022 a. Nan tèt mach sila, te gen aktyèl direktris anviwònman an Madam Wideline Pierre akonpaye ak plizyè elèv. Drapo nasyonal la te nan men yo, alòske yon bandwòl ki te eksprime divès koze ki konsyantize ou sansibilize “sitwàyènnte vè” nan popilasyon an, pami yo: “Mwa anviwònman”, “Onè respè pou manman late”, “Yon sèl tè” e latriye.

Mach la ki te fè kèk pakou nan vil la e ki tal bout devan Kolèj Apòt Pòl; aprè mach la responsab yo te bay randevou pou 5kè nan Sant Kiltirèl Kwadavid Dayiti ki twouve l Ladwàn pou kontinye aktivite a, nan pase fim, dokimantè ki pale sou anviwònman.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.