Move lavi ak tray pa sispann kalote peyizan premye seksyon kominal mòl sen nikola

2,333

Par Jameson Louis

01/03/2021

Kodefè, Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Jounalis vedèt “Nòdwès ann pale” Ychmuth Corneille alyas Rambo, ki se PDG Radyo Marconi FM nan Pòdpè, te fon kout pye nan premye seksyon kominal Mòl Sen Nikola ki twouve l nan depatman nòdwès nan sousi pou wè ak 2 nawè l epi konprann reyalite kondisyon lavi peyizan Kodefè, presizeman lokalite Rodòlf.

Nan yon interview ke li akòde TRiboLand ak Radio Marconi FM, yon grandèt, yon ansyen chèf seksyon ki te pase 3 lane Marechal, Sterling Formalite, esplike mizèrere pouse popilasyon an ki pa sispann bat dlo pou  è bè. Se yon lavi tèt chaje ki parèt konplike, agonizan dapwè ansyen chèf la.

Formalite rapouswiv pou l di fè konnen bagay yo pa fasil pou yo nan Rudòlf, paske pafwa se sou lakwenta y’ap viv. Yon lòt bò, kèk peyizan tante fè ti kòmès chabon, vann pwodi alimantè nan lide pou lafen pa fè ladènye sou yo. Anplis, move kalvè yap monte pa do sitou nan sa ki gen pou wè ak travay sakle.

Pou kèk lòt rezidan, se nan siye bwa yo fè yon ti grabday. Bwà tankou: tankou bwatchenn, sèd, bwa zaboka, bwa mouben, lam veritab elatriye. Malgre tout efò sa yo, mouche lavi souri ba yo.

Pou ansyen marechal la, sitiyasyon mizerab yo pa sispan bay gwo kè kase. Se chak jou popilasyon an ap pran lanm! E, ti miyèt òganizasyon kap fè tankou nan zòn Rudòlf; yo egziste sèlman sou non. Konsa, òganizasyon foto kopi sa yo, lage pafwà yon ti tchotcho nan men kèk plantè yon fason pou toujou dekouraje yo plante latè ak ranfòse pwodwi lokal yo.

Leta gen pou devwà jwe pye ak men yon fason pou arive rezoud difikilte abitan yo atravè yon pwogram apezman sosyàl nan Rudòlf, yon fason pou mete fwen nan fenomèn koupe pyebwà ak fè chabon.

Comments are closed.