Yon gwoup endividi ankagoule mete barikad flanm dife nan antre lopital OFATMA

Pòtopwens____(TRiboLAND) Plizyè endividi ankagoule drese barikad flanm dife nan antre lopital Ofis Asurans Aksidan Travail Maladie Maternité (OFATMA) ki nan Site Militè, Komenn Delma jodi Jedi apwè midi ki te 12 Mas 2020 an.
Selon yon sous kredible bò kote Direksyon lopital OFATMAl, reyaksyon sa yo deklentche apwè yon administrasyon sant sante a deside transfere yon anplwayè lopital la Kafou; yon desizyon ki ta pral leve plim sou do anplwayè a ki pat pran tan pou mobilize baz li yon fason kreye deblozaj.






