Gwo lapli kap tonbe sou komin Tigwav lakoz tout aktivite yo paralize nan vil la.

05 – 23 – 2024
Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Lapli kap tonbe sou komin Tigwav soti yè swa madi 21 pou rive jedi 23 me pandan tout jounen an, lakoz tout aktivite yo paralize nan vil la, tankou lekòl, mache kominal, biwo transfè yo, bank komèsyal yo, prive ak leta, ak transpò an komen pa fonksyone.
Nan okazyon an, repòte TRiboLAND te reyalize yon vizit nan divès zòn, nan lide pou gade koman sitiyasyon an ye, pou abitan kap viv nan yon seri espas arisk yo: Nan bannan, Ri Repiblikèn, Chabann, Gran Ri pwolonje, Koutis, Lakil, Ladig ak Tiginen elatriye..se kèk zòn ki déjà inonde, popilasyon ki pale ak TRiboLAND, deklare , yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan sitiyasyon malouk sa a, yo mande otorite konsène yo pou pase vizite yo, nan moman difisil sila a.

Toutfwa, meteyològ la madam Chrisnette Saint Geoges mande popilasyon an, pou pwoteje tèt yo, paske daprè li gwo kout van, loraj, lapli ap kontinye sou plizyè depatman tankou, Grandans, Nip, Sid, Sidès, Lwès, Sant, Latibonit, Nò ak Nòdès.






