Trump menase lague yon gwo anbago sou Kiba pou kòkòday sipò lap bay peyi Venezwela

0 424

WACHENTONN (Triboland) – Prezidan Trump menase ayè Madi-a pou-l enpoze yon ambago manman penba sou tèt Kiba e kontinye avèk sanksyon yo sou peyi Kominis-la si tout fwa li pa sispann sipò ak jarèt militè lap bay prezidan sosyalist Venezwela-a, Nicolas Maduro.

Trump voye iltimatòm sa-a bay Lahavann nan yon twit pandan ke administrasyon-l an kanpe rèd mare dèyè lidè opozisyon Venezwela-a, Juan Guiado ki ap mande bourad grese sere militè yon fason pou bat chalbarik dèyè Maduro. Lidè Guiado fè deklarasyon sa yo nan moman li tap patisipe nan yon gwo jou dezobeyisans sivil nan peyi Amerik Disid la.

Ayè Madi-a egalman, Sekretè Nasyon Tèt Kole-a, Mike Pompeo deklare ke Maduro tap planifye pou li kite peyi-a nan Madi maten pou rankontre avèk dirijan Kiba yo, alòske gwo manifestasyon kont gouvènman an kontarye vwayaj la.

Nan yon gwo rali ki tap fèt nan La Carlota, sou yon baz defans aeryen nan capital-la Karakas nan Madi maten byen bonè, plizyè douzènn gwoup ame ki te akonpanye Guiado te nan konfwontasyon avèk pluzyè solda ki danse kole avèk Maduro.

Ki donk menas Trump yo tonbe bab pou bab nan yon moman kote ke Etazini ap miltipliye pwesyon sou Kiba akoz kore lap kore peyi Venezwela. Anpil moun gwo lespwi estime ke adminitrasyon Trump lan yon ti jan twò egzajere sou wòl Kiba ap jwe koulya nan kriz peyi Boliva-a.

“Si Kiba pa sispann egzèsis militè li yo ak lanpil lòt operasyon ki kapab okazione destriksyon Konstitisyon peyi Venezwela avan lontan, yo mèt atann yon gwo tonton anbago sou tèt yo e fwa sa sanksyon yo ap pirèd ke jan yo te ye,” se sa Trump twite. “Konsa, osito mwen pwan mesi sa yo, ou pwal wè tout sòlda Kiben yo retounen lakay yo rapid e kalmeman.”

Kiba ki gen gwo lyen kòkòday avèk Maduro voye jete tout akizasyon ki ta fè konpwann ke fòs militè li ap opera nan Venezwela. Fòs ke Wachentonn estime ki kapab apepwè 20,000 jiska 25,000 gason batay.

Credit photo: L’Expansion – L’Express

Leave A Reply