Soti nan bale rive nan blouz blan : bèl istwa siksè Phalonne LOUIS nan lopital Sen Nikola

02/16/2026
Sen Mak, Ayiti _____(TRiboLAND) Yè samdi 14 fevriye 2026 la, se avèk anpil emosyon nan lopital Sen Nikola nan moman enstalasyon ofisyèlman Madanm Phalonne LOUIS kòm enfimyè lisansye. Kèk ane pase, li te fè premye pa li nan menm lopital sa a kòm travayèz domestik, kote li te konn fè netwayaj. Jodi a, gras ak detèminasyon e sakrifis li, li rive mete blouz blan an pou sèvi pasyan yo kòm pwofesyonèl lasante.
Pakou li se yon egzanp ki ra nan sosyete a, kote anpil moun konn bloke akoz difikilte ekonomik. Avèk anpil kouraj, disiplin ak lanmou pou etid, Phalonne LOUIS pa t janm lage rèv li malgre li te gen yon timoun pou li pran swen. Li sèvi ak eksperyans li kòm yon etap pou monte pi wo mach lavi a, pou montre ke okenn travay pa piti, epi chak moun gen dwa reve ak reyisi si li mete tèt li ladan.
Seremoni enstalasyon nouvo enfimyè lisanse a, te dewoule an prezans kòlèg li ak fanmi li, pa sèlman make yon pwomosyon pwofesyonèl. Li vin tounen yon senbòl lespwa pou anpil jèn fi ak fanm k ap lite pou amelyore lavi yo. Soti nan travayèz domestik rive enfimyè lisansye, Phalonne LOUIS montre klèman ke edikasyon, pèseverans ak konfyans nan tèt ou kapab chanje desten yon moun.






