Nòdwès Sante: Emisyon Divèsite ak Sosyete an Revèy òganize yon jounen klinik mobil pou fanm sèlman

2,619

05-28-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt manman demen dimanch 29 me 2022 a, Emisyon “Divèsite ak Sosyete an Revèy” ki fèt sou “Radio Excell Inter” (106.7), òganize yon gwo klinik mobil, jodi samdi 28 me a, pou fanm sèlman nan kolèj Nelson Mandela nan vil Pòdpè.

Klinik Dr Yvon ak divès lòt medsen akonpaye ak plizyè enfimyè te disponib pou konsilte ak bay tout manman ki te genyen posiblite pou konsilte, resevwà medikaman gratis. Yon inisyativ ki touche anpil fanm e pèmèt yo pataje ak medsen sa yo, sa yo santi nan kò yo.

Se meyè fason pou ekip medikal l te valorize manman yo nan site Kapwà Lamò nan okazyon Fèt Manman yo! Me Fanuance HODNEY, Me Heribert Vincent ak Dr Jean Yvon te pwensipal konplis nan mete sou pye yon parèy program!

Comments are closed.