29 Mas 1987 — 29 Mas 2020: Sa fè 33 lane depi ke dezekilib mantal ap vyole yon fanm (Konstitisyon)

0 406

Zak yo pa piti, kadejakè tout kalite alinye, kadejakè antre e kadejakè pwije e ale; sepandan tout krim sa yo rete enpini anba zye manm fanmiy Jan Jak la ki alagoni san konte enstitisyon ou defansè lokal ak entènasyonal dwa moun ki fèmen zye l sou bandi legal yo.

Me kèk nan zak kadejakè komèt pandan 33 lane sou fanm ki rele Ayi Toma, pitit pitit Jan Jak. Yo mete baboukèt nan bouch li, pou li pa devwale krim yo fè sou li ni lanwit ni lajounen!

  • Swa dizan pitit jan Jak yo fè konplo ak Core Group pou ban mwen bwè vinèg.
  • Swadizan dirijan ki pran blan kòm Bondye, vann ou detwi tout lokal natirèl.
  • Yo pa fèm wè lekòl, pou 2 sye m pa louvwi.
  • Chak tenten ki moute, se kè plen pou lepèp.
  • Bon mas ak kòl nan kou, pran manmzèl pou piyay.
  • Yon dim poum lave men, nan yon peyi san dlo.
  • Yon peyi ki san dlo, men ki bay dlo nan je.
  • San espwa dig dantan, tout moun fenn deseche.
  • Biswit tè pou soupe, bay regrè pou pann tèt.
  • Wè Chili nan dòmi se espwa pou tout flè.
  • Yon lamas kip ran nas pou jwenn tè Bahamas.
  • Boujonnen malgre tou nan dezè tèt kale.
  • Mwen bay Pwi pou yon Vè ki piye tranzisyon.
  • Anemi sou 2 pye, se sou sa yo fè kòb.
  • Bèl chanson an twonpèt, se refwen maryonèt.
  • Ki santi pit ravèt nan rakèt pou fè dèt.
  • Si nan Fi ki pa bon nou te jwenn dans Gala.
  • Sa tap fè CNG pran konsyans pou fatra.
  • Bwat leta se diri nan asyèt Senatè.
  • Kòripsyon ak pwason pou kore depite.
  • Yon kout las ak Titid ki pat pran trò lontan.
  • Prèv ale ki fè sa pou Lachanm pa gen fanm.
  • Se Mimi ki fè sa pou lisans kadejak.
  • Atoufè jwenn pasaj nan pwosè kidnapè.
  • Se yon gwo kout ponya nan peyi timoun wa.
  • Yo souse m jous nan zo, tèlman pa gen manmèl.
  • De ou twa san konsyans fèm kriye ak kout bòt.
  • Anba je gwo Lamòt, ki rache separe.
  • Bèl diskou nan manif pou yon pòs nan Leta,
  • Oubyen pou koule dal, se pa sa yo vle m kwè.
  • Se pa menm nan dòmi pou chimè Senatè.
  • Ki dira pou je klè ak lisans kidnapè.
  • Chèf Sena reselè se teknik kòriptè,
  • Wè Leta pou piyay nan plizyè kay lweyay.
  • Yon vila pou milyon san konte lokasyon.
  • Awogan san konsyans nan ki vant yo soti.
  • Si jenès te pran fòs pa ta gen vye bandi.
  • Negosye nan ghetto ak gwo chèf tololo
  • Jous kilè jou ap jou pou java di ase.
  • Di malfwa sa fini pou kite malfini.
  • Men elas wout la long ak twa K Kriminèl.
  • Ki santi kòripsyon nan vye krim kowona.
  • Kadase pou anyen ak gwo tit plen grennen.
  • Jous kilè angranman ap sispann jwèt bannann.
  • Pou nou tout di babay tout kwomozòm an mwens.
  • Ki lè lap resi jou pou flè dizè tounen.
  • Jous kilè ap gen lwa pou frennen enbètè.
  • Jis kilè nap ka wè karaktè ap vann pòt fo dirijan.
  • Jis kilè nap gen chans pou finans pa nan rans.
  • Jiski lè tout lidè ap sispann gen men long.
  • Jous kilè madigra ap sispann konchon gra.
  • Nan asyète vye siryen ak ochan sendenden.
  • Jous kilè yon lidè ap sispann fè lèdè.
  • Devan je yon planèt pou kraze yon zansèt.
  • Mwen vle di: Yon bò wouj, yon bò ble,
  • Ou vyole m de twa fwa, ak yon gou san pidè.
  • Avadra san peyi pa plis ke tèt kwochi.
  • Lwa, Oh lwa, map mande pou ki yo la toujou.
  • Tout levit sanginè ap yon jou wè toutou.
  • Sou lòt bò Lamanten, tou pwè ak sendenden.
  • Peyi m pa manke lwa, men pito karaktè.
  • Ki gen vis nan gwosès pi mal ke kowona.
  • Nan jwèt lago kache, nou pa kwè nan Lalo.
  • Nan Metro kay bòs Pòl li kriye pou Petro.
  • Se pa wòl bòs Pòl pou pran tèt Laminis.
  • Raketè de bònn fwa pou tronpe vijilans.
  • Anvan yè te chimè nan bat je vinn monpè.
  • Senatè ki souri, se sourit ki mòde.
  • Konstitisyon fè bak, konripsyon fè avan.
  • Jous ki lè nap gen lwa pou kase kou vye lwa,
  • Ki pa vle dans Petro sakaje tout bouro.
  • Yo vyole m lè yo vle pandan 33 kafe.

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply