Izrayèl anonse yon re-konfinnman nasyonal pou 3 semènn

279

09\14\2020

Tel-Aviv____((TRiboLAND) Premye minis izrayelyen Benjamin Netanyahu anonse jodi dimanch swa 13 septanm yon konfinnman nasyonal ki pral dure 3 semèn e ki pral fè Eta Ebre a kòm premye ak yon ekonomi byen devlope ki pral arive enpoze yon lòt dispozitif yon fason pou fè fas kare ak yon lòt vag kontaminasyon kowonaviris.

“Jodi a gouvènman an deside mete an plas yon konfinnman ki strik pou 3 semèn”, daprè Premye minis peyi ki gen yon bon ekonomi ki gen mewl, men ki asèpte pran yon parèy dispozitif pou fwennnen yon lòt vag kontaminasyon kovid-19.

Semèn pase, otorite ebre yo te mete kouvrefe nan yon karantèn vil atravè peyi a, notamman nan vil araba k jwif gran-otodòks yo, nan espwa pou te mete yon fwen nan propagasyon viris la ki pa anpeche ka yo kontinye ap ogmante.

Comments are closed.