Inogirasyon Biwo Sendika tap-tap nan komin Senlwidinò.

2,288

05-23-2022

Senlwidinò____(TRiboLAND) Federasyon sendika chofè nan depatman Nòdwès la, inogire yon biwo pou sendika chofè ak pwopriyetè tap tap nan komin Senlwidinò, dimanch 22 me 2022 a, nan rantre vil senlwidinò a.

Yon aktivite ki te dewoule nan prezans plizyè pèsonalite nan komin depatman an ak diferan antite nan asosyasyon an. Pami yo: S C T M N O, S T T S N O, F S T T N O S T S P ak S C P T T N O, yo tout te reponn prezan. Pandan seremoni an, gen anviwon yon dizèn chofè tap tap ki resevwa sètifika ak merit pou bon kondwit yo. Aswit yon dizèn otorite resevwa plak donè ak merit pou fason yo patisipe nan konstriksyon komin nan.

Jij Fortina ak msye Jean Garry Sanon ki te pran lapawòl nan sikonstans lan, ankouraje chofè pou travay nan solidarite youn ak lòt pou chanje fason transpò a ap fèt nan komin nan. Yon lòt bò, yo mande chofè yo gade deviz sendika a, ki se repè, solidarite ak angajman pou bon reyisit yo nan ekzèse travay yo.

Pou fini, prezidan sendika chofè taptap komin Selwidinò a, msye Présendieu di yo pral travay ansanm pou chanje fason transpò komen ap fèt nan komin nan, yon fason pou soulaje kondisyon lavi pasajè yo. Yon chanjman popilasyon an ap tann san pèdi tan, pou yo vwayaje nan bonjan kondisyon ak respè youn pou lòt.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.