Senlwidinò sante : Konstriksyon blòk sanitè nan mache Rivyèdèba.

2,930

05-21-2022

Senlwidinò____(TRiboLAND) Nan sousi pou bay popilasyon komin Senlwidinò a ti moso satisfaksyon, meri ak pouvwa santral la pa kache anbisyon yo ak volonte yo pou dote 3èm seksyon Degranj, konstriksyon yon blòk sanitè nan mache Rivyèdèba a.

Batiman sa ki se yon blòk sanitè ak konfò modèn pràl pote bonjan amelyorasyon grese sere nan promote yon anviwonnman ki desan e pròp, sitou nan yon mache kote machan tap vann sou pil fatra, dechè ou salibrite tout kalite ki mete sante ou lavi sitwàyen yo an danje.

Pou anpil moun, yon parèy blòk sanitè, pràl pote yon bon amelyorasyonyon nan fason moun ki frekante mache Rivyèdèba a. Popilasyon an bat bravo ak ochan pou volonte responsab yo ki pa sispann montre vizyon yo parapò ak bezwen kominotè yo. Wout la long se vre, men se rezilta ki konte!

Comments are closed.