Bandi kidnape 3 moun pami yo yon pastè nan Tibwàdòm, yon zònn lapolis te pretann li flite

1,870

08-29-2022

Gwomòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Magre fòs sekirite nasyonal yo ap flite e mete do bandi atè, sa pa anpeche zak kidnapping ta reprann pou laplibèl nan zònn Ti Bwadòm, Gromòn.

Selon yon sous familyàl ke TRiboland te arive kontakte, bandi sangwen ame, kidnape jodi lendi apremidi a, Pastè Dubreus Derisnel ak 2 lòt moun nan moman yo tap soti Gonaiv pou antre Basen Ble.

Reveran Derisnel se lidè espirityèl kongregasyon legliz Evanjelik Batis Basen Ble; yon enstitisyon ki jounen jodi ki pa konnen sou ki pye li ye avèk yon parèy nouvel ki dekonstonbre fanmiy ak fidèl anba konstènasyon senti mare.

Comments are closed.