Ariel Henry nome yon lòt komisyon munisipal nan tèt komin Akayè a

3,028

05-15-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon piblikasyon ki fèt samdi 14 me 2022 a nan jounal “Le Moniteur”, PM Ariel Henry nome atravè yon arete, yon nouvo ekip nan tèt komin Akayè. Yon parèy komisyon munisipal gen pou jere enterè munisipalite a jiska prochèn eleksyon yo.

Chanjman ou plase nouvo ajan egzekitif enterimè nan tèt komin Akayè fèt a 3 jou selebrasyon fèt drapo peyi a. Antouka, komisyon tou nèf la konpoze avèk 3 manm: Jean Gilles: Prezidan; e manm Jean Hervé Saintil ak Charlène Noel.

Nap raple, ekip tou nèf la ranplase: Gitanie Revange, Hubert Duvert ak Pierre Lunick Joseph ki te jwen benediksyon ansyen presidan asasine Jovenel Moise nan lane 2020.

Comments are closed.