Tab konsètasyon Sodo: Nòt pou Laprès

1,866

04/10/2022

Sodo, Sant_____Nan yon nòt laprès ke li mete deyò, direktwa Tab Konsètasyon Sodo denonse tout kalite dezòd kap fèt nan zafè kouran an nan Plato Santral pandan ke strikti a konstate menm Komin Sodo pa epanye.

Nan nòt sila, Tab Konsètasyon an raple ke zafè kouran konsène tout moun e fè konnen absans kouran se youn nan ajan destriktif ki kapab deboulonnnen devlopman. Pou direktwa la, Santral Eletrik Pelig la sifi pou bay anviwon 13 komin nan depatman Sant lan kouran 24/24 jan sa te konn ap repete a.

Konsidere Leta Kriminèl la kòm yon tèt sankò, dirijan Tab Konsètasyon Sodo yo, raple divès grèv, manifestation, sit-in, mete sou jefò la pwès anlyin, pale ak televize, fè pou egzije yo bay pèp la kouran jiska prezan se and marinad. Nan nan sans sa a, yo pwomèt yap foule beton an si tout fwa mouche Leta pa tande la rezon.

Kidonk,Tab la deklare “Amwàlaye” e li prè pou l patisipe nan tout lit ak mouvman ki gen objektif aksede ak byennèt popilasyon an.

Comments are closed.