Nòdwès : 17 moun blese nan yon tèrib aksidan nan Kòtdefè

2,486

04/11/2022

Kòtdefè, Nòdwès_____(TRiboLAND) 17 moun blese, kèk nan yo gravman grav nan yon tèrib aksidan ki fèt nan zòn Kòtdefè, jounen samedi 9 Avril 2022 a nan deptman Nòdwès.

Selon enfo ki rive jwenn TRiboLAND, gen yon kantite moun kap pran swen aktyèlman nan lopital Janrabèl la; kanta pou moun ki blese gravman grav yo, anbilans oblije antre nan vil Pòdepè avèk yo pou swenyaj medikal.

Nap souliye, viktim yo te nan wout pou Mol Sennikola nan okazyon yon joune, men premye machin ki te devan an te pran pànn kawoutchou e wou a te konplètman rache. Konsa, yo te fè apèl ak yon lòt machin. Malerezman, machin sa ta pràl fè yon tèrib aksidan nan zòn Kòtdefè ki a kèlke kilomèt komin Jan Rabèl.




Comments are closed.