Jovenel yon lòt fwa ankò pa sispan kraze rapò istorik Ayiti ak Venezwela

425

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò gouvènman Jovenel Moise la ki chwazi inyore ou sakrifye gwo lyen istorik peyi Ayiti ak Venezwela, anfiche yon lòt angratitid nan non peyi Dayiti nan dènye desizyon Bogota yo nan Kolonbi.

Ayiti se youn pami 15 peyi nan kontinan ameriken an ki deside bay yon kanpe lwen pa pwoche bay pwezidan venezwelyen an, Nicolas Maduro ansanm avèk tout lòt makrèl li. Desizyon sa ki afiche yon refu sistematik kap anpeche plis pase 2,000 moun ki danse kole ak rejim Karakas la pa travèse lizyè 15 lòt peyi. Konsa, sa pwal pèmèt yo mete nan ti soulye-l pi plis gouvènman Maduro-a.

Antouka, Jovenel refè-l ankò! Li pa anmezi pou idantifye yon pakèt gwo lyen istorik ki makònnen zantray Ayiti ak Venezwela. Konsa, atitid iresponsab, egosantrik ak sèvitid (Mèt ak Esklav) sa yo pou konsolide pouvwa li, jete ankò Ayiti nan pi gwo poubèl istorik. Anplis, sa ki pi fè lawont lan; Ayiti se peyi ki pi pòv e ki pi mepwize pami tout peyi sa yo ( Etazini, Bwezil, Chili, Ajantinn, Kolonbi, Panama, Gwatemala, Repiblik Dominikènn, Trinidad-Tobago, Hondiras, Paragwe, Pewou, Kosta Rika, El Salvadò ansanm ak swa dizan pwezidan anatandan venezwela-a ki se Juan Guaido) ki bay jarèt a yon tèl desizyon ki pwal anpeche konsène yo pa travèse fontyè yo e ni fè transaksyon bankè pou nou site sa yo sèlman.

Pwezidan Jovenel Moise sakrifye dinyite Ayiti pou ti myèt pen ke lòt peyi ap refize ak konsolidasyon pouvwa li; alòske lòt peyi yo asèpte pwan pozisyon sa yo an echanj gwo tonton pwojè ki chita sou gwo enfwastrikti wout, lopital, edikasyon, teknoloji, endistri touristik, anviwonmantal ak sekirite. Ke Ayiti demen an, bay edikasyon plis pwiyorite!

Comments are closed.