Ansyen senatè Clark Parent mande popilasyon ayisyèn nan pran lari masivman nan objektif pou bay “Akò Montana” a jarèt

3,225

04/09/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon djam ke li fè jodi samdi 9 avril 2022 a nan emisyon vedèt “Ramase” sou Radyo Tele Karaib, ansyen senatè depatman Lwès la, Clark Parent eskandalize kriz touwon san fon ki antòtye peyi Dayiti dure tròp alòske popilasyon alagoni e pa konnen ki sen pou yo rele.

Senatè mizisyen vedèt la, deklare ke se yon veritab ma swife kalvè ayisyen ap moute. Kalamite tout koulè yo chita konplètman sou mouvman gang ame kap fè lalwà e dechèpiye anndan peyi a anba je konplis ak endiferans swadizan otorite yo. “Pa pwèske rete enstitisyon, pouvwà piblik ankò! Yo tout pap fonksyone! Anplis, pa genyen oken efò ou demach ki fasilite remaniman pèsonèl politik peyi a yon fason pou ta konble vid enstitisyonèl ak konstitisyonèl yo”, daprè Parent ki tap depoze sou radyo. Parent rapouswiv pou li di ke se yon peyi ki aladriv, se ensètitid e dezespwà total kapital ki anvayi kè ak espwi tout ayisyen.

Ansyen palmantè a ajoute pou li di ke yon peyi pa kapab fonksyone san 3 pouvwà yo. “Se pa posib pou kite yon peyi ap efondre nan yon eta parèy anba men dirijan kap patoje nan endinyite, nan iresponsablite e pase anba pye endepandans ak souverènte nasyonal la”, selon mizisyen vedèt la.

Konsa, li envite popilasyon an pran responsablite li e kandale desann masivman sou beton an yon fason pou bay “Akò Montana” a jarèt, paske se yon akò ki genyen yon seri eleman konsansyèl ki garanti yon fyàb repons fas ak latriye problèm kap trakase peyi a.

Comments are closed.