Claude Joseph fè yon kout pye nan peyi Mexique jounen mardi 14 septanb sa a

1,976

09/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Minis Afè Lòt bò Dlo ak kilt peyi Dayiti a, Claude Joseph fè yon ti vwayaj nan peyi Meksik jodi madi 14 septanm 2021 an. Bi vwayaj sa se poul ka al fete 200èm anivèsè peyi Meksik.

Nan sans sa, chanselye ayisyen an ap tou pwofite patisipe nan yon somè kominote États Latino-Américains et Caribéen (CELAC) an kap fèt soti 16 septanm pou rive 18 septanb 2021.

Claude Joseph kite peyi a nan yon moman kote ke genyen gwo kontwovès ak lawouli politik pou pwemye minis Ariel Henry ki apèn sinye yon akò politik ak plizyè sèktè politik nan vi nasyonal la.

Comments are closed.