Gro sòlòkòtò kout zam ant lapolis ak group gang Savyen: mwens pase 7 moun arive mouri nan Ti Rivyè Latibonit

1,744

07-11-2022

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Mwens pase 7 moun mouri nan troke kònn kout zam ant lapolis ak manm gang Savyen yo yè samdi kite 8 jiyè 2022 a nan Ti Rivyè Latibonit.

Katchouboumbe sa yo te deklentche nan weekend pase a, lòske gang Savyen an ki se “Baz Gran Grif” te tante atake komisaryà Ti Rivyè Latibonit lan. Konsa, echanj kout zam ant lapolis ak group sagwen Savyen an te fè kenken. Se konsa, li pat pran tan pou group gang ki nan lokalite “Lacroix Périsse” ki rele “Kokorat San Ras” san konte yon seri manm gang Village de Dieu ak Nan Palmist te kouri pote ranfè bay “Baz Gran Grif”, daprè enfo ki arive jwen TRiboLAND.

Avèk yon rezistans pètinant, ajan PNH yo ki afekte nan komisaryà Ti Rivyè a, te arive repouse asayan yo. Se konsa, 5 moun nan popilasyon sivil la arive mouri pami yo, yon pèsonaj fanm 70 lane ki rele Nadine. Li pran plizyè bal e mouri ansanm avèk yon pitit gason li, daprè kri ak suplikasyon rezidan yo ki mande konkou PNH pou ekstèmine tout bon vre gang Savyen sangwen an nan depatman Latibonit lan.

Comments are closed.