Nòt solidarite COJNE ak jounalis Edner Décime

2,061

Vandredi 5 dawou 2022

Konfederasyon Jounalis Nòdès (COJNE) deplore zak kidnapping ki fèt sou konfrè nou Edner Décime, jounalis nan AlterPresse, depi nan dat ki te dimanch 17 jiyè 2022 a, nan zòn Dèlma.

COJNE ap voye soliarite li bay konfrè Edner Décime, fanmi li ak AlterPresse. Edner Décime ap sèvi peyi a atravè ajans AlterPresse depi nan lane 2011, kote lap fè pwomosyon pou dwa moun, pou pwogrè ekonomik ak anfavè lakilti, elatriye, atravè atik li yo.

Olye Edner resevwa rekonesans ak respè, se kidnapping ak menas li jwen. Edner pa janm manke bay kontribisyon li nan travay pou Ayiti ka vin tounen yon peyi devlope kote tout pitit li ka viv tankou moun.

N’ap raple pou moun ki kidnape Edner yo, se nan kole pyese majorite jounalis an Ayiti rive bay fanmi yo manje. Jounalis ayisyen pa gen lajan. Donk, Edner pa ka twouve gwo magogo lajan pou peye pou liberasyon li. Epi tou, daprè enfòmasyon fanmi Edner pataje, sante jounalis la frajil, li soufri ipè tansyon. Gen yon seri medikaman li ta sipoze pran chak jou.

Nan sans sa, COJNE ap mande pou moun ki kidnape Edner Décime yo, pou libere li.
Moun ki siyen nòt sa pou COJNE:

Jéthro-Claudel Pierre Jeanty, Kòdonatè
Telefòn : (509) 3717-3479

Jaudelet Junior Saint-Vil, Sekretè
Telefòn : (509) 4306-8481



Comments are closed.