Popilasyon Kap Ayisyen an konte manifeste kont fènwà

1,699

Okap_____(TRiboLAND) Sitwàyen nan Okap Ayisyen ap manifeste jodi madi 30 mas 2022 a devan lokal EDH kont politik fènwà kap taye banda nan dezyèm vil peyi.

Pèp souvren ap mobilize pou achte lajan kontan devan pòt lokal EDH la nan Ri 24 A, daprè òganizatè sit-in nan ki eksprime mekontantman plizyè komin nan Nò peyi a ki estomake fas ak absans elektrisite e politik “Repiblik Pòtopwens” nan maltrete an paran pov rès peyi a.

Yon parèy inisyativ ki chita sou revandisyon elektrisite, chita sou yon seri dwà legal konstitisyonèl sitwàyen yo, daprè Farntz Mathurin ki tap solisite prezans fòs lòd yo pou yon parèy sit-in.

Paralèlman, nan okazyon 35èm anivèsè Konstitisyon 1987 la, yon kantite enpresiv òganizasyon tout kalite pràl sekwe peyi a yon fason pou di non ak ensekirite jeneralize ke gouvènman gang Ariel Henry PHTK a enpoze sou peyi a.

Comments are closed.