Lapolis detounen yon lòt ka kidnapping : sangwen yo kraze rak

3,016

03/202022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Lapolis Fontalyè (POLIFRONT) nan tèt kole ak Brigad Entèvansyon kont Ensekirite Fonsyè (BRICIF) arive detounen yon zak kidnapping kote ke bandi sangwen gentan sove ak machin viktim nan.

Entèvansyon otorite yo arive mate kou kidnapping nan e viktim nan ki se yon anplwàyè yon bank komèsyàl arive chape poul li san fele, alòske malfwa yo ale avèk machin li.

Nan sènay sa ki pase nan pwoksimite Anbasàd Amerikèn, nan Ri Romen, ajan yo arive mete men sou yon fizi #B20PA0109 kalib 12 ak 3 katouch nan yon machin blan mak KIA e imatrikile AA-47297 ke sangwen yo tap kondwi.

Viktim nan te pwèske ap depale lè li wè se tout bon li pase raz, li felisite bwavou ak vijilans fòs lòd yo ki sove lavi li. Li swete wè ke yo kontinye flite bandi sangwen yo.

Comments are closed.