Leta ayisyen atravè minis Espò a, anonse yo pral konstwi 2 estad modèn nan peyi a.

25
0
Share:
TRiboLAND

10 – 17 – 2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Gouvènman Ayisyen an, atravè minis Espò a, Pythagore Dumas anonse yo pral konstwi 2 estad nan peyi a ki pral respekte tout nòm FIFA rekòmande yo. Depatman Nò ak depatman Sid, se de rejyon ki pral benefisye 2 espas modèn woule balon an. Minis Dumas fè deklarasyon sila a, nan moman li tap entèvni sou yon medya nan kapital la, jounen vandredi 16 oktòb 2026 lan.

Minis Espò a, Pythagore Dumas ki presize se pa sèlman Stad yap konstwi, gouvènman an genyen yon plan kote li deja debloke divès anvlòp pou reyabilite epi modènize plizyè pak espòtif atravè peyi a ki nan trè movèz eta: Pak Vincent Gonayiv, pak Levèl Senmak, pak Sèj Benadel ak pak Sen Jozèf. Pandan minis Pythagore bay garanti apati premye janvye 2027 kap vini la a, pak Vincent Gonayiv ap louvri pòt li.

Anpil moun swete, se pa deklarasyon dodo titit ak radòt ke anpil sankoutcha politik abitye fè nan konstwi pak kabwit nan gaspiye ou disparèt milyon sou Michel Martelly ak Laurent Lamothe!

Share:

Leave a reply