Ansyen senatè Youri Latortue deklare ke PM Ariel Henry ap bay mouvman gang sangwen yo jarèt anndan peyi a

2,536

03/23/2022

Pòtpwens_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou Radyo Tele Karaib, nan emisyon Premye Okazyon, lidè pati AAA, ansyen senatè Youri Latortue lonje dwàt jouda sou gouvènman Ariel Henry a ki selon li nan danse kole ak mouvman gang anndan peyi a.

Ansyen senatè a pat mete dlo nan bouch li pou te avili PM Ariel Henry dèske li fè tèt li pase kòm konplis kap bay gang ame yo tete, gro magogo e ba yo fevè pou yo kontinye ak zak kidnapping yo. Lidè AAA ale pi lwen pou li di ke Ariel nan konfyolo ak gang sangwen yo, yon fason pou yo ofwi li an retou yon akalmi aparan.

Youri Latortue deklare definitivman ke peyi pran anba yon gouvènman gang; PM Ariel Henry ak group gang ame tèworis yo, se pwason kraze nan bouyon!

Comments are closed.