Fernando Estimé vle Ayiti patisipe nan Koupdimond 2026 la

1,047

12-21-2022

Ayiti _____(TRiboLAND) Mwen vle Ayiti ale nan koupdimond 2026 la, se objektif Fernando Estimé. Jounalis ak enfliyansè a, reve wè Ayiti nan Mondyal aprè pasaj ekip la depi 1974 avèk Emmanuel Sanon, kèk jou aprè Koupdimond Qatar 2022 a.

Fernando Estimé

Fernando Estimé pare pou bay lajan nan pòch li, pou mete sou pye yon strikti kap rele “Fon Mondyal 2026”. Anplis lajan lap bay, li pare pou itilize enfliyans li pou fè pwomosyon pou objektif sa. Fernando pare pou pran baton diplomat li, pou ale kòm anbasadè kote tout moun ou group moun ki gen bòn volonte; kit se jwè ki se desandan ayisyen oubyen enstitisyon ak tout moun ki kapab enterese nanyon ide konsa.

Se yon objektif anpil ayisyen swete wè Ayiti nan Koupdimond 2026 la, kap gen pou òganize nan kontinan Amerik la; nan twa peyi: Etazini, Kanada ak Meksik.

Daprè plizyè moun ki abitye fè analiz nan zafè spò, si kritè yo pa chanje, desten Ayiti nan men-l paske ekip ki se veritab baryè ki enpeche li rive nan faz final Koupdimond la, se peyi òganizatè yo ye; konsa yo ap kalifye dofis. Kidonk ekip sa yo pap jwe eliminatwa pou pwochen koupdimond lan.

Comments are closed.