Se Nasyon Zini ki mete peye Dayiti nan sa li ye jounen jodi a

231

10\21\20

Pòtoprens____(TRiboLAND)  “Se Nasyon Zini ki mete peye Dayiti nan sa li ye jounen jodi a”, sa se pawòl Antonio Cherami, ansyen senatè depatman Lwès la sou pozisyon woule’m de bò jounen jodi a Nasyon Tèt Kole yo pran sou siyasyon “malouk” ak “mare ren” peyi Dayiti trouve l jounen jodi a.

Chèrami ki te nan mikro yon radyo nan kapital la, salanbe òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo sou dènye rapò li fè sòti sou peyi Dayiti; li wè nan òganizasyon sa yon zak malonnèt paske se anba je LONU zak asasinay yo tap miltipliye avèk rejim PHTK a. “Se Nasyon Zini ki responsab sa kap pase anndan peyi a; sitou, lè yo bay benediksyon ak group gang ke li kwè se yo ki fasilite sekirite anndan peyi a”, daprè senatè a.

Ansyen senatè Steven Benoit, lonje dwat  sou Nasyon Tèt Kole a tou, ki depi egzistans li pa janm fè anyen serye pou Ayiti. Sa pa etone moun ke se pozisyon woule’m debò LONU ap depoze jodi a. Se yon strikti kap fonksyone ak yon ti ponyen gro peyi ki gen dwa veto menm si tout rès monn lan ta dakò sou yon pozisyon. “Yo te bezwen renouvle manda yo, aprè 6 jou, koulya yo tonbe ap transfòme an aganman”, yo chanje pozisyon yo tankou tèmomèt, daprè ansyen senatè Benoit.

Antouka, se sèl peyi Dayiti ki asèpte mare tèt li nan pye kabann LONU depi konbyen deseni malgre echèk sou echèk òganizasyon anndan peyi a; sepanda, nan divès peyi Kontinan Afriken an yo mete yo deyè pou enkapab ak demagòg. LONU kontribye nan destabilize peyi Dayiti a; sitou nan krim, vyòl ak propagasyon Kolora pou fini avèk pèp ayisyen nèt ale. Dènye sa ki pi imoral ak repinyan an, se lè yo bay benediksyon a group gang kap fini ak sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.